Lalwa

Table of Contents

Rèy: Plantae
Nom syantifik: Aloe Vera
Nom espayòl : Sábila

Lalwa se yon plant aboresant (enteryè) ki gen yon feso pat(fèy) vèt an grap,tout arebò yo se
pikan sou fòm (Fer de lance) de 30 a 60 santimèt….
Lalwa plen vitamin tankou: vitamin A,B1,B2,B6,B12,C,D ak vitamin E,Li gen
anzim,kalsyòm,mayezyòm,Zenk,dlo ak asid…
Lalwa gen bon renome nan kontribisyon l pote nan domenn sante a paske se yon plant
medisinal….
Lalwa ranfose òganism l’an e li pèmèt kò a adaptel ak chanjman sezon yo,li eradike tout sak
pa bon nan kò a…
Li geri maladi entèn ak ekstèn…
An gwo, Lalwa ede kò a vin nómal…..

  • E Li plen byenfè nan koze:
    Dezenfekte ak kalme lestomak nan plas Omeprazol
    Soulaje egzema nan plas dupilumab
    Retire tach ak bouton Nan plas crème éclaircissant
    Trete pwoblèm Nan fwa
    Repare ògan
    Frennen kwasans selil timè evite chimio thérapie
    Trete (Herpès genital ak Psorias)
    Trete alèji (Po anfle)
    Bon pou andirans seksyel nan plas Stud, Toro ak Maggi
    Netwaye Ren
    Bon pou estimile Ovilasyon
    Bon pou sikatrize plè avèk Brili
    Redwi maladi nan kè
    Bon pou moun ki dyabetik, li ranplase metformin
    Bon pou pwoblèm kapilè Nan plas Minoval
    Trete konstipasyon
    Rejenere selil nan po moun ak nan po bèt (tankou Chen)
    Bon pou lafyèv
    Bon pou fè Ji/smoothie ak konfiti….
    Elt…..

Pou moun ki dyabetik
Yon moso lalwa nan plas 2 konprime Metformin
Pran yon pat lalwa,lave li,pran yon fèb kantite kale l’ re lave l’ epi bwè li tankou konprime…
N.b: Selon to sik la,ou ka konsome l yon fwa ò 2 fwa nan yon semenn…

Pou twoub dijestif
Konsome yon ti kiyè lalwa chak 6zè jiskaske gen amelyorasyon…

Pou efase tach/bouton ak sikatrize plè ak blesi
Aprè w fin byen lave lalwa,kale li aplike l dirèkteman nan pati ki afekte a….

Resèt konfiti Lalwa
Lave lalwa,kale li, byen lave l ankò oubyen metel tranpe nan dlo dous jiskaske li pa anmè
ankò…
Mete l nan yon chodyè oubyen yon bonm,ajoute epis dous,yon miskad,mete sik selon kantite
lalwa ou genyen an,kitel byen bouyi jiskaske l tounen yon siwo nan lalwa a si ou pa vle lalwa an
antye wap bat li jiskaske l kraze nèt,desann li epi ajoute esans….
Bagay gou🤤🤤🤤
Yo souvan itilize plant medisinal yo parapò ak ekivalans yo an konprime, enjeksyon elt..
Pa janm bliye toujou byen lave ak kale Lalwa avan n itilize l …
Ou pa dwe konsome l (bwè l) plis pase 3 fwa nan yon semenn Pou itilizasyon ekstèn yo ou lib
Pou itilize l otan de fwa ou vle….

Stay Ahead

Be the first to dive into cutting-edge articles

Related Posts