Bazilik

Table of Contents

Bazilik
Nom syantifik: Ocimum basilicum
Rèy: Plantae
Klas: Lamiidées
Òd: Lamialea
Fanmi: Lamiaceae
Jan: Occimum

‘’Bazilik’’ ki gen ti sinon ‘’zèb wayal’’ se yon zèb(plant) awomatik ak medisinal ki kapab nan
20 a 60 santimèt de wotè,fèy li yo gen fòm oval,yo ka nan lajè 3 santimèt pou pi plis,yo gen
swa koulè vèt pal,vèt fonse oubyen mov,se plant ki grandi pa touf e sant fey sila
enkonparab!Bazilik pa pwofite kote tanperati a pi ba ke 10°c pa kont depi l plante kote ki
rete cho e pran solèy lap byen grandi, ou ka plante l nan sól ki byen prepare pou sa oubyen
Nan po tou…

‘’Bazilik’’ gen anpil vitamin tankou: vitamin a, b, c ak k li gen kalsyòm, fè, mayezyóm….
Li rich an :
 antioksidan
 antispasmodic
 antienflamatwa
 antiepileptik
 pwoteyin
 lipid
 glisid
 fib
 beta kawotèn ak dlo.

‘’Bazilik’’ genyen anpil pwopriyete ekstraòdinè.

Tout mond lan dwe konnen byenfè ‘’Bazilik’’la :
 kalme doulè (piki eskòpyon, iritasyon nan gòj).
 Diminye doulè (estoma, fyèv, tous, rim, estrès, tansyon ak fatig)
 Redwi enkòfò ki lye ak respirasyon
 Ranfòse rezistans òganism lan
 Estimile defans natirèl yo
 Bon pou somèy ak dijesyon
 Ede moun rilaks yo
 Apeze mantal
 Retade vyeyisman selilè
 prevni aparisyon kansè ak maladi kadyovaskilè
 Trete balonman ak endijesyon
 Soulaje pyè nan ren elatriye

.-Bazilik ak konprime
1,5 gram poud fèy bazilik 2fwa pa jou ranplase 24 konprime (omeprazol).
Bazilik ka ranplase:
1. Doliprane
2. Aspirine
3. Dafalgan
4. Ambroxol
5. Buscopan
6. Lamotrigine ak lot konprime Ankò…..

.-Nan Pati famasi
Yo itilize Fèy Bazilik lan ak flè a…
E yo itilize yo pou fè:
1. Enfizyon,
2. poud,
3. esans,
4. Dekoksyon,
5. kataplasm,
6. oenole,
7. lwil ak vaporizasyon….

✓ Enfizyon
Mete (3 ak 5 gram) fèy bazilik bouyi pou fè yon tas te (bwèl apré chake repa).

✓ Dekoksyon
Itilize 100 gram bazilik pou yon lit dlo swa pou gagari oubyen moulen fèy yo tou kri…

✓ Resèt Bazilik
Pou pwoblèm Ren(kalkil renal/doulè nan ren)
Konsome Bazilik sou fòm ji oubyen te avèk yon ti myèl Pandan 6 mwa…

NB: Nou dwe raple n ke anpil fwa plant yo ka sove lavi nou si nou pa gen famasi tou prè
oubyen alèji swa ak konprime oubyen enjeksyon….
Pa bliye toujou byen lave fèy yo anvan nou itilize yo…

Stay Ahead

Be the first to dive into cutting-edge articles

Related Posts