Fèy Maskriti

Table of Contents

°

 

*Maskriti* (Ricin commun) se yon plant dorijin twopikal ki sóti nan sant peyi Afrik.

 

Se yon plant kiltivab,mistik e medisinal.

Selon kondisyon klimatik rejyon yo plante li an yon pye maskriti kapab nan wotè 12 a 13 mèt,fèy
li yo bay resanblans ak fey palm,tij yo long e fèy sa yo konn wouj oubyen vèt.
Depi flè an gade anwo pye maskriti a se yon femèl e sil gad anba se yon mal,fwi maskriti a

genyen po,grenn wap jwenn aprè po a bay anpil lwil….
Li genyen ant 40 a 60% lwil rich an {trigliserid} prensipalman (risinoleyin) Li pwodwi(rensinin) ki
se yon pwazon …
Yo konnen byenfè maskriti nan zafè:
°Geri enflamasyon
°Dekonjeksyone nen noun
° Ede ak pwoblem respiratwa
°Pran medsin avèl
°Bay ralman
°Penyen cheve
°Fè planing,elatriye…

✓ *fèy maskriti*

° Bon Pou fanm ki fè pitit
° Bon pou fanm ki gen lanmè tonbe
°Bon pou kolik
° Bon pou gonfleman
° Bon pou enfeksyon
°Bon pou enflamasyon
° Bon pou foulay,elt…

✓ *tij MASKRITi*


°bon pou fè kristè pou timoun ki fè endijesyon(paka twalèt)…

✓ *PO GRENN MASKRITI*


°Bon pou fè lafimen kont moustik
°Bon kont move zè (yo boulel ak lansan)

✓ *GRENN MASKRITI*


°Bon pou fè planing (sitou nan zòn rekile yo,chak grenn konte pou yon lanne)
°Bon pou fè lwil

✓ *LWIL maskriti*


*Konpozisyon ak kontni Pou chak 100 gram*
°Asid palmitik (0,7-1,3 gram)
°Asid esteyarik (0,9-1,2 gram)
°Asid oleyik (2,8-5,5 gram)
°Asid risinoleyik (84,2-94 gram)
°Asid linoleyik (4,2-7,3 gram)
°Asid alfa linoleyik (0,2-0,5 gram)
*Lwil maskriti*:
°Bon pou penyen cheve(Lwil maskriti rich nan asid gra,vitamin E,mineral,fè ak zen.

Eleman nitritif sa yo nouri folikil yo epi ankouraje sikilasyon san nan po tèt la ak kwasans cheve
a,li anpeche pwent cheve a kase,Li ede cheve yo rete idrate paskel diminye sechrès ak frajilite
cheve yo,li rann cheve yo fò,rezistan epi byen bèl).
*Kon itilize Kom mwayen elekrisite yon sèten tan
°konn mache motè machín dokazyon yo
°Bon pou rale moun
°Bon pou fanm ki fèk akouche e pou timoun ki fek fet tou
°Bon pou fè fiksyon
*Resèt lwil maskreti*

Kale maskriti a pran grenn lan griyel ,metel bouyi nan dlo jiskaskel sech wap pran yon kiyè pou
retire lwil la epi remete l bouyi Ankò pou l byen kwit….
*maskriti* jwe yon gwo wol nan sante moun,depi nan tij rive jis nan grenn…..
Men plant la an antye sitou grenn yo toksik anpil lè yo enjerel ,li gen yon sibstans grate ki
anpwazonnen san! Lwil lan li menm pa gen okenn danje

Stay Ahead

Be the first to dive into cutting-edge articles

Related Posts